Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bolivi a, Evo Morales, Kriye Viktwa Nan Referendòm Sou konstitisyon an


Prezidan bolivyen an, Evo Morales, pwoklame viktwa apre elektè yo apwouve refòm "gochis" li pwopoze nan konstitisyon Bolivi a. Men opozan li yo di nouvo Konstitisyon an pral "laji divizyon rasyal ak divizyon klas" ki ekziste nan peyi sid ameriken an--yon sitiasyon ki kapab bloke aplikasyon refòm yo.

4 sou 9 Eta ki genyen nan Bolivi yo vote kont nouvo Konstitisyon an ke popilasyon an, dapre sondaj chèn televizyon yo, apwouve avèk 60 pousan vwa yo. 4 Eta sa yo, ki nan lès peyi-a, genyen yon gwo popilasyon blan ak moun san-mele ki reprezante elit ekonomik bolivyèn nan e ki kontwole pi fò richès peyi a-- yon peyi ki rich anpil ak resouss natirèl. Nouvo konstitisyon an bay 36 kominote endijèn yo plis otonomi, prevwa refòm agrè ki, san di petèt, pral limite dimansyon pwopriyete gran don-yo ka posede nan pwovens oryantal yo ki chaje gaz natirèl. Nouvo manman-lwa a pèmèt tou prezidan an chèche yon 2zyèm manda 5 kan nan eleksyon jeneral mwa desanm nan. Msye Morales te eli nan ane 2005.
XS
SM
MD
LG