Accessibility links

Breaking News

Etazini Ekonomik: Prezidan Obama rankontre ak lidè Kongrè a sou yon plan relans ki ka "kreye 3 milyon dyòb"


Prezidan ameriken an, Barack Obama, rankontre vandredi 23 janvye 2009 la ak lidè tou le 2 pati yo nan Kongrè a pou l te fè yon ti koze ak yo sou yon plan relans ekonomik. Misye Obama fè konnen li atann ni aske palmantè yo apwouve plan sa a nan kèk semèn pou ede ekonomi amerikèn nan --k ap fè fas ak gwo difikilte-- rekanpe sou 2 pye l.

Prezidan Obama atire atansyon depite ak senatè sou le fèt ke ekonomi amerikèn nan ap travaèse sa l rele "yon kriz ki san parèy nan listwa peyi a"; men li espere plan relans ekonomik li a pral kreye anviwon 3 milyon nouvo dyòb. Misye Obama fini pa di li byen kontan konstate Kongrè a byen dispoze apwouve plan ankourajman ekonomik sa a anvan mitan mwa fevriye a, epòk kote yo pral selebre fèt prezidan yo o Zetazini.

Pandansetan, nan jounen 22 janvye a, lidè ameriken an siyen yon dekrè ki pral mete fen nan fonksyonnman prizon lame amerikèn nan genyen nan Gwanntanamo, nan Kiba, e kote otorite yo mete etranje yo sispèk kòm teworis. Daprè sa k di nan dokiman sa a, prizon an ta dwe fèmen nan yon espas ki pa depase 12 mwa. Yon lòt kote, nan yon seremoni ki dewoule nan Depatman Deta a--menm yè jedi a-- responsab diplomasi amerikèn yo anonse gouvènman an chwazi 2 veretan nan zafè negosyasyon entènasyonal –ansyen Senatè George Mitchell ak ansyen anbasadè ameriken nan Nasyon Zini, Richard Holbrooke, kòm anvwaye espesyal Lèzetazini respektivman pou Mwayen Oryan an, yon pa, e pou kesyon ki konsènen Afganistan ak Pakistan, yon lòt pa.

Klike sou lyen ki anlè a, a dwat, pou w tande plis detay sou sa k te di, sa k' te fèt nan vizit prezidan an te fè yè jedi 22 janvye 2009 la nan Depatman Deta a.


XS
SM
MD
LG