Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Prete Sèman Yon Dezyèm Fwa


Prezidan Barack Obama prete sèman pou yon dezyèm fwa. Sa rive mèkredi swa nan Lamezon Blanch, pou evite tout konfizyon ak tout move entèpretasyon posib apre Prezidan Lakou Siprèm nan, Jij John Roberts, te koze yon ezitasyon pandan Msye Obama t'ap fè sèman an nan seremoni 20 janvye 2009 la.

Laprès konfime ke, dapre sa Lamezon Blanch rapòte, Jij Roberts te deplase ale nan Palè Nasyonal aswè a, pou li administre sèman an yon dezyèm fwa, an prive, e tout bagay byen dewoule fwa sa a. Anpil ekspè nan Dwa Konstitisyonèl te fè konprann pretasyon sèman an ta dwe refèt.

Sepandan, sa pa chanje anyen nan reyalite a, asavwa Barack Obama te vin 44èm Prezidan Lèzetazini a midi egzakteman, madi 20 janvye a, annakò ak sa ki ekri nan Konstitisyon Etazini an, anvan menm li te prete sèman.

XS
SM
MD
LG