Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Reyaksyon Pozitif Sou Prestasyon Sèman Barack Obama Kòm 44èm Prezidan Etazini


Ann'Ayiti, ayisyen suyiv avèk anpil enterè e ak kè kontan seremoni prestasyon sèman prezidan Barak Obama, premye nwa ki eli nan pi gwo fonksyon Repiblik amerikèn nan. Se yon melanj satisfaksyon ak fyète anpil ayisyen-sòt sou senp sitwayen pou rive sou lidè politik-eksprime devan evènman istorik sa a. Anpil nan yo wè prestasyon sèman msye Obama a kòm yon viktwa pou la ras umèn, yon viktwa pou pèp ameriken, pou Lèzetazini. Gen lòt ki wè li kòm reyalizasyon rèv Martin Luther King jr.a, lidè mouvman dwa sivik ameriken ane 60 yo. Nap envite'w klike sou ralonj ki anwo, adwat paj-wèb sa a pou'n koute premye reyaksyon nou anrejistre sou evèman istorik 20 janvye 2009 la Ozetazuni: prestasyon sèman Barack Obama, kòm karant-katriyèm prezidan Etazini.
XS
SM
MD
LG