Accessibility links

Breaking News

Israël Pou Kont li Deside Mete Yon Ola nan Operasyon Militè Gaza a


Premye minis israelyen an, Ehud Olmert, anonse samdi swa Israël dekrete yon trèv nan tèritwa Gaza a 22 jou apre li te lanse yon kokenn operasyon militè kont gwoup militan palestinyen Hamas---operasyon ki pran lavi mil 200. Men Hamas di lap kontinye batay la paske li pa dakò ni li pa ka aksepte pou okenn sòlda israelyen rete nan Gaza. Yon pòtpawòl Otorite Palestinyen an, ke prezidan Mahmoud Abbas ap dirije, Nabil Abou Roudeina, wè desizyon Israël la kòm yon premye pa ki va debouche sou yon akò sesel'fe kap dire, sou leve blokis Israël mete sou Gaza a e sou retrè sòlda israelyen yo nan tèritwa a.

Premye minis Ehud Olmert anonse sese'lfe a samdi swa nan Tel-Aviv nan yon mesaj li voye bay nasyon an. Li di Israël deside obsève yon sesel'fe men twoup nou yo ap rete nan Gaza e alantou Gaza. Msye Olmert deklare Israël estime li ka dekrete yon trèv paske li reyalize objektif li...menm depase limit, paske li flanke Hamas yon "kou sevè e li retabli kapasite l' pou fè moun reflechi 2 fwa anvan yo atake Eta juif la. Mesye Olmert lanse avètisman pou di si ennemi nou yo deside atake nou, lame israelyèn nan gen men lib pou l' riposte kif-kif. Msye Olmert pa di ki lè sòlda israelyen yo ap kite Gaza. Li tou senpleman deklare "si Hamas sispan atak li yo nèt, na deside ki lè n'ap kite tèritwa a".

Bò kote pa li, minis defan israelyen an, Ehud Barack, fè konnen Israël ap reprann operasyon li yo kont Hamas ale wè menm pase yon vitès siperyè nan atak yo si sa nesesè. "Nou deklare yon sesel'feu, men pa gen garanti Hamas pral sispann tire wokèt sou Israël. Lame a pral rete nan Gaza toutotan sa nesesè".

Kòmkidire pou bay Ehud Barack rezon, Hamas lanse plizyè wokèt sou tèritwa israelyen an anvan sesel'fe a; pami yo, 2 ki al tonbe nan vil Ashdod ak Ashkelon. Pèson pa blese nan atak sa-a. Kabinè sekurite israelien an avèk yon gwo majorite vote anfavè sesel'fe a.


XS
SM
MD
LG