Accessibility links

Breaking News

Rèn Espay la, Sofia, Ap Rive Le 20 Janvye Nan Peyi Dayiti


Rèn Espay la, Sofia ap koumanse yon vizit 3 jou madi 20 janvye kap vini la a an'n Ayiti. Pandan vire-won sa a, Sa Majeste pral vizite plizyè pwojè peyi li ap finanse atravè Ajans Espayòl Kooperasyon Entènasyonal pou Devlopman an, (AEKED ou AECID). Pwojè sa yo sou pye nan Pòtoprens, Gonayiv ak Jakmèl. La Rèn Sofia, madam Wa Espay la, Juan Carlos 1er, dwe rankontre ak prezidan ayisyen an, René Préval, le 21 janvye pou yon "déjeuner de travail" nan Palè Nasyonal la. Apre chita-koze 2 diyitè yo, souvrèn espayòl la pral fè yon kout-pye nan Depatman Sidès la pou yon kont-randi sou travay kap reyalize nan rejyon an nan kad pwogram rebwazman zòn Forêt Des Pins an, Araucaria. Genyen plizyè lòt pwojè Rèn Sofia dwe vizite nan sidès la, tankou pwogram mikwo-kredi ak pwogram pwoteksyon patrimwàn kiltirèl Jacmel la ak yon pwogram elvaj pwason an (pisciculture). Se premye vizit Sa Majeste, Rèn Sofia ann' Ayiti.

Korespondan nou Rotchild François Jr. ki te pale ak yon pòtpawòl anbasad Espay la nan Pòtoprens va di nou plis si nou ale agoch paj sa a, anba "pwogram nou yo" e fè yon klik sou pwogram apre midi a. Lè paj la chanje, klike sou sikonferans ble ki gen foto mikwofòn nan pou nou tande tout nouvèl ki fè aktyalite a nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG