Accessibility links

Breaking News

Enskripsyon pou Koup du Mond 2018 ak 2022 yo Louvri


FIFA / Koup du Mond 2018,2022

FIFA kòmanse resevwa enskripsyon peyi ki vle akeyi koup du mond 2018 a 2022 a. Dènye delè a fikse pou 2 Fevriye. Pami kondisyon yo peyi ki ta renmen akeyi konpetisyon an dwe gen anviwon 12 stad ki gen yon kapasite 40 mil plas pou pipiti pami yo youn ki kapab akeyi 80 mil moun pou match douvètu ak final la. An plis de ekzijans sa yo peyi òganizatè a dwe gen enstalasyon de kalite pou medya yo, bonjan mwayen transpò ak yon system ebèjeman. Oken peyi nan Amerik du Sud la pa kalifye pou akeyi konpetisyon an pou 2018 akoz Brezil ap òganize koup du mond la an 2014. Peyi Afriken yo kapab kandida pou akeyi koup du mond 2018 la ak 2022 a. Komite ekzekutif FIFA a ap seleksyone peyi òganizatè a an Desanm 2010.

FIFA/ GALA 2008

Footbalè Pòtugè Cristiano Ronaldo kap jwe nan Manchester United ranpòte pri FIFA kòm meyè jwè pou ane 2008 la devan arjanten Lionel Messi, kap jwe nan Barselòn ak espayòl Fernando Torres kap jwe nan Liverpool. Sa fè Ronaldo 3 zièm pri li resevwa pou ane 2008 la-balon dò Eropeyen, meyè jwè mondyal pou yon magazine. An plis de tit sa yo Ronaldo ede Manchester United ranpòte tit chanpyona premyè divizyon angle a, Lig dè chanpyon ak tit koup du mond FIFA pou òganize chak ane pou Klub ki reprezante 6 konfederasyon yo. Brezilyen Marta ranpòte prim meyè jwèz feminen pou ane a pou yon 3 zièm ane afile. Manmzèl fini devan alman Brigit Prinz ak brezilyen Cristiane. Marta déjà anonse entansyon pou l siyen yon kontra 3 zan ak klub football ameriken Los Anjeles Sol.

Foutbòl / KONKAKAF

Seleksyon U-20 Ayiti a elimine nan 3 zièm faz eliminatwa koup du mond Ejipt 2009 la ki tap dewoule nan Sen Vensan e Grenadin pou zòn karayib la malgre yo danse sou Republik Dominikè n 6 a 1.

Jamayik kalifye pou faz final la kap dewoule nan Trinidad and Tobago apre yo kale Sen Vensan e Grenadin 2 a 0. Jamayiken yo fini an premyè pozisyon ak 7 pwen. Sen Vensan, ki fini ak 6 pwen, pral jwe yon match de baraj kont Honduras pou determine dènye kalifye a. Faz final la gen pou dewoule nan Trinidad and Tobago soti 6 pou rive 15 Mas.

Tiraj osò a dewoule Jedi 15 Janvye nan New York pou faz final U-20 an kap dewoule nan Trinidad and Tobago epi faz final U-17 la ki gen pou dewoule O Meksik.

Nan group A a nou jwen Etazuni, Salvador, Jamayik, Honduras ou byen Sen Vensan e Grenadin. Group B a gen Trinidad and Tobago, Meksik, Kanada, ak Kosta Rika. 4 premye yo ap kalifye pou faz final la kap dewoule an Ejipt soti 23 Septanb pou fini 16 Oktòb.

Pou U-17 la nan Group A a nou gen Etazuni, Honduras Kanada ak Kuba. Group B a Kosta Rika, Gwatemala Trinidad and Tobago epi peyi òganizatè a Meksik. 4 premye yo ap kalifye pou reprezante KONKAKAF la nan koup du mond U-17 la nan Nijerya soti 24 Oktòb pou fini 15 Novanm.

Tiraj osò te dewoule nan eliminasyon Lig chanpyon pou zòn Karayib la nan yon seri ale/retou. Premye tou a fikse pou 18 Mas ak match retou a ap dewoule le 25 Mas

Klub ayisyen Tanpèt de Sen Mak ap akeyi Alpha United de la Guyanne epi Cavaly de Leogan vizite SV Britanya de Aruba.

Foutbòl / Eròp/ Kaka

Manchester City ofri prèske 300 milyon dola pou l jwen sèvis footbalè Brezilyen Kaka ki te rejte yon premye transfer 145 milyon dola pou l te kite Milan AC pou l jwe nan Manchester City. Kaka di li prefere vyeyi nan Milan AC olye pou l aksepte 145 milyon dola a ki se yon chif rekò. Ansyen rekò se lajan transfer 67 milyon dola Real Madrid te peye pou sèvis franse Zinedine Zidane ki te konn jwe nan Juventus de Turen an 2001. Obsèvatè yo espere Mian ak tout Kaka pap fè bak sou nouvo òf la.

Kaka te transfere soti nan Sao Paulo pou l ale nan Milan an 2003. Msye make 86 gòl pou 244 patisipasyon an favè klub Milanè a. Msye te resevwa balon dò Eropeyen ak meyè jwè FIFA pou ane 2007 la. Kaka jwe 62 match entènasyonal pou seleksyon Brezil la.

Foutbòl Eròp/ Manchester United

Responsab Manchester United yo, kap jwe nan premyè divizyon angle a, anonse yo pral patisipe nan yon virewon sou kontinan Azyatik a pati de Juyè ak yon seri de rankont lap gen pou jwe an Chin, Kore du Sud, Endonezi ak Malezi.

Manchester United ap kite Angletè 16 Juyè pou ale an Chin nan kad preparative avan ouvètu chanpyona angle a. 20 Juyè ekip la ap jwe yon match nan Sewoul. Epi le 24 Juyè Manchester United ap jwe kont yon seleksyon epesyal nan Jakarta epi yap konklu toune a ak yon lòt rankont nan Kuala Lumpur le 26 Juyè. Sa fè 5 kièm toune Manchester United ap òganize sou kontinan Azyatik la nan kad pwomosyon pou pèmèt fanatic yo asiste pèfòmans klub la.

Foutbòl/ UEFA/ Real Madrid

Unyon football Eropeyen an rejte apèl Real Madrid fè pou l enskri 3 footballè nan klub malgre yo pa satisfè kondisyon yo.Olandè Klaas Jan Huntelaar ak Lassana Diarra pap kapab aliyen pou klub Madrilèn pou faz dechoukaj Lig Chanpyona an akoz yo te déjà patisipe nan konpetisyon pou yon lòt klub. Dapre règleman yo yon klub kapab anrejistre 3 jwè jusko 1 Fevriye men yon sèl pami yo te déjà jwe pou yon klub Eropeyen pandan sezon an. Real Madrid, ki gen pou rankontre Liverpool, menase pou ale devan tribunal spòtif la.

Ansyen prezidan Real Madrid la Ramon Calderon kraze yon kite sa nan tèt klub la pandan yon konferans de près li bay Vandredi 16 Janvye a nan stad Santiago Bernabeu a nan vil Madrid an Espay. Msye Calderon te anba akuzasyon kòm kwa li ta fè magouy pou l jwen yon vòt de konfyans nan Asanble jeneral klub la. Vis prezidan Vicente Bolouda ap okipe pozisyon an an atandan nouvèl eleksyon nan fen sezon an.

Reprezantan inisyativ football Eropeyen an kont la fen gen pou ale nan vil Kèr an Ejip kote yo pral patisipe nan yon operasyon kolekte lajan kont grangou. Delegasyon an gen ladan responsab football Europeyen an ak yon seri de ansyen vedèt football.

FIFA / Klasman Mondyal

Pa gen chanjman ki fèt nan klasman FIFA publiye Mèkredi 14 Janvye a. Espay, Almay, la Oland, Itali, Brezil, Arjantin, Kwasi, Angletè, la Rusi, Turki konplete lis 10 meyè seleksyon mondyal. Ejipt klase 15 zièm epi Nijerya klase 17 tièm. Etazuni, ki pa fè yon plas, toujou klase 22 zièm. Meksik klase 26 zièm devan Honduras ak Kosta Rika.

Pou Karayib la Jamayik klase 66 zièm devan Trinidad and Tobago ki klase 73 zièm. Ayiti desann an 100 tièm pozisyon devan Gwatemala, Salvador, Grenad, Surinam, Guyana, Bemudes ak Sen Vensan ak Grenadin.

Foutbòl / Afrik

Ansyen antrenè seleksyon franse a, Henri Michel, ta renmen men-nen yon seleksyon Afriken nan koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Msye Michel ap antrene yon klub Sud Afriken apre li te pèdu djòb seleksyon Maròk la akoz movès pèfòmans maroken yo te renmèt nan dènye edisyon koup dAfrik dè nasyon an. An plus de la Frans ak Maròk, Henri Michel te dirije seleksyon lòt peyi tankou Kameroun, Tunizi ak yon ti pasaj tou kout nan Kot Divwar.

Koup Konfederasyon FIFA a fikse 14 pou fini 28 Jwen 2009 la an Afrik du Sud ak patisipasyon chanpyon chak federasyon yo plis peyi òganizatè koup du mond 2010 la ak chanpyon du mond an tit la.

Nan group A nou jwen Afrik du Sud, Irak, Nouvèl Zeland ak Espay. Group B a gen ladann Etazuni, Itali, Brezil ak Ejipt.

Foutbòl/ Ameriken

Lig football zèpòl kare ameriken an anonse aktrès ak vedèt muzik pòp Jennifer Hudson pral chante im nasyonal ameriken an nan final Superbowl la ki fikse pou 1 Fevriye na Tampa Florid. Muzisyen Rock Bruce Springsteen gen pou anime 2 zièm mitan an.

Yon juj federal ameriken nan San Francisco kore desizyon yon juri te pran pou l bay footbalè zèpòl kare ki an retrèt yo 28 milyon 100 mil dola akoz responsab football peyi a pat fè pwomosyon pou yo. Dapre plent yo pa gen prèv ki montre sendika a te fè efò pou mete jwè yo nan pwogram videyo, kart ak lòt pwodui. Sanble aktivite sa yo favorize sèlman footbalè aktif yo

Baskètbòl/ Etazini

Federasyon basketball ameriken an nonmen seleksyon basket la kòm meyè basket pou ane a-2 zièm fwa depi 29 van pri a al jwen tout yon ekip. Seleksyon basketball ameriken an ranpòte 36 viktwa ak 1 defèt ant 2006 e 2008.

Kanada/ Je Dhivèr 2010

Pwoblèm ekonomik kòmanse afekte preparasyon je zolenpik dhivè yo nan Vankouver, Kanada. Vil la mande responsab pwovens la pou adopte yon pwojè lwa kap pèmèt yo prete lajan pou kontinye preparasyon yo.

XS
SM
MD
LG