Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Jeneral Kanada a, Michaëlle Jean, Tanmen Jedi  Yon Vizit Ofisyèl An'n Ayiti


Gouvènè Jeneral Kanada a, Madam Michaëlle Jean, rive jedi 15 janvye 2009 lan nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, pou yon vizit 4 jou nan peyi Dayiti. Prezidan ayisyen an, René Préval, te ale akeyi pèsonèlman dirijan kanadyen an nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, nan Pòtoprens. Madam Michaëlle Jean ak mari li, Jean-Daniel Lafond, pral patisipe nan yon seri aktivite ki gen pou objektif ranfòse relasyon ant Kanada ak Ayiti-- yon peyi ki, dapre buwo premye minis kanadyen an, Stephen Harper, nan kè reangajman Kanada nan sou-kontinan ameriken an. Apa prezidan René Préval, gouvènè Michaëlle Jean dwe fè chita-pale ak premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis e ak reprezante lòt nasyon kap ede Ayiti yo.

Chèf Leta kanadyen an dwe al fè yon vizit nan vil Okay pou souliyen efò pèp kanadyen an ap deplwaye pou soutni gouvènman ayisyen an e pou soulaje konsekans katastwòf natirèl ki te frape nasyon karibeyen an nan mwa Out-Septanm ane 2008 la. Se dezyèm vizit gouvènè Jean ap fè nan peyi Dayiti depi eleksyon prezidan René Préval sou pouvwa a.

Gouvènè Kanada a se reprezantan Rèn Elisabeth 2, Rèn La Grande Bretagne la, kidonk chèf Siprèm Kanada--yon peyi endepandan ki fè pati Commonwealth ou Kouwòn Britanik la. Paran madam Michaëlle Jean yo se natif peyi Dayiti e gouvènè a te pran nesans tou an'n Ayiti.

Pou plis detay sou nouvèl sa a ak lòt enfòmasyon sou peyi Dayiti, fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat, paj sa a.

XS
SM
MD
LG