Accessibility links

Breaking News

Sekretè-Jeneral L'ONU an Ap Kontinye Fè Demach Pou Yon Seselfe Nan Gaza


Sekretè-Jeneral Nasyonzini-an, Ban Ki-moon, ap vizite Izrayèl jodi a, kote li deklare bilan moun ki mouri nan konfli Gaza a rive nan yon pwen ki entolerab. Nouvèl yo fè konnen plis ke Mil Palestinyen pèdi lavi yo nan Gaza depi kòmansman ofansiv izrayelyèn nan, nan dat 27 desanm pase a. UNICEF di pami viktim yo gen omwen 300 timoun. Izrayèl konfime ke li anrejistre 13 mò.

Tank lame izrayelyèn nan vide boulèt sou vil Gaza maten an pandan y'ap penetre byen fon nan katye rezidansyèl yo, pou premyè fwa depi Izrayèl te kòmanse atake militan HAMAS yo . Dapre kèk responsab nan Nasyonzini, lokal ajans L’ONU pou Refijye yo (HCR) nan vil Gaza pran dife, apre obi te frape li jodi a. Sepandan, otorite izrayelyen yo kontinye deklare yo pa vize okenn building Nasyonzuni.

Pandansetan, yon zotobre izrayelyen (Amos Gilad, ki se yon adjwen Minis Defans Ehud Barak) rive nan vil Kèr, ann Ejipt, pou li fè chita-tande sou yon pwojè seselfe gouvènman Moubarak la te pwopoze. Yè mèkredi a, reprezantan HAMAS yo te rankontre medyatè ejipsyen yo e yo fè konnen, menmsi yo poko aksepte plan an, yo pa rejte grand liy yo.

Konsènan misyon Sekretè-Jeneral L’ONU an, anvan li te pran direksyon peyi Izrayèl, li te vizite lòt kapital nan rejyon an. Men pou rezon sekirite li pat kapab ale nan Gaza. Yon pòt-pawòl Ban Ki-moon, Ahmad Fawzi, bay detay sou vizit Msye Ban nan. Radyo Nasyonzini te pataje interview sa a avèk nou. Pou w koute l, fè klik sou ralonj ki adwat atik sa a.

XS
SM
MD
LG