Prezidan René Préval retounen sou amandman konstitisyon 1987 la. Vrèman vre lidè ayisyen an anonse li pral tabli anvan lontan yon gwoup travay pou etidye fason pou revize manman lwa peyi a, epi apre gwoup la va prezante'l pwopozisyon pou reyalizasyon objektif sa a. Anons kreasyon gwoup travay sa a antre nan kad elaborasyon 2 komisyon sou konpetitivite ak teknoloji ak kominikasyon prezidan ayisyen an prezante lendi 12 janvye a devan Palman an nan okazyon rantre palmantè a.
Se pa premye fwa prezidan René Préval avanse lidè pou gen yon pase men nan Konstitisyon 1987 la. Manm gwoup la kap soti e nan sektè prive e nan sektè piblik la gen misyon vini ak pwopozisyon pou amande manman lwa peyi a, dapre deklarasyon prezidan an ki te abode tèm nan lendi nan diskou devan asanble nasyonal la--yon diskou kote li mete aksan sou lapè ak estabilite peyi Dayiti.
Kolèg nou Jean-Pierre Leroy te pale ak ekriven Claude Moïse, ki se youn nan moun mesye Preval te deziye pou etidye lide amandman an.
NB:Ale sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a pou'n koute presizyon msye Moïse ap pote sou pwoje msye Préval la. Nou ka koute tou sou ralonj sa a lòt pwen kap fè aktyalite an an'n Ayiti.