Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Demanti Nouvèl Ki Di Komisè Nòdwès la te Mouri Anpwazonnen


Lapolis Jidisyè nan peyi Dayiti (DCPJ) demanti enfòmasyon kap sikile kòmkwa otopsi kadav Komisè Polis Nòdwèsla, Philippe Jean Raymond, ki te jwenn arestasyon n nan kad yon ankèt sou detounman lajan dwòg, ta revele yon ka anpwazònman.

Direktè DCPJ a, Komisè Frantz Thermilus, di Lavwadlamerik rapò otopsi a pako soti. Otorite jidisyè yo nan peyi d Ayiti ki, jiskaprezan, poko fè okenn kòmantè sou lanmò Komisè Raymond an, di y ap tann rapò medikal la.

Frantz Thermilus pran angajman pou li bay piblik la bon jan enfòmasyon sou dosye a, depi li resevwa tout rapò otorite konpetan k'ap travay sou ka a.

Fè klik sou ralonj ki akote atik sa a pou w koute Komisè Thermilus.

XS
SM
MD
LG