Yon lòt kote, rezidan ilegal ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn klontinye ap rankontre anpil difikilte. Fòs sekirite Fwontyè Republik dominikèn yo—CESFRONT— fenk voye tounen nan vil Ouanaminthe plizyè santèn travayè agrikòl ayisyen san papye ki te okipe yon legliz dominiken nan vil Dajabón. Jean-Pierre Leroy te kontakte konsil ayisyen nan Dajabón nan, Jn Baptiste Bien-Aimé, e li presize ayisyen yo tap travay « Solidaridad Fronteriza », Solidarite Fwontalyè, yon òganizasyon pè Jezuit dominiken ap dirije.
Pou fini, (KARLI), Komite Avoka pou Respè Libète Endividyèl ak New England Human Rights-- yon oganizasyon
aysiyen kap defann dwa mounn nan vil Boston, Eta Massachusetts, Ozetazini, ak Unyon Paran Elèv ak Pwofesè
Ayisyen, voye yon lèt tou louvri bay
chef leta ayisyen an, René Préval, pou denonse fason lajustis ak lòt
enstitusyon yo ap fonksyone nan peyi a. Responsab KARLI a, se mèt Renan Hédouville. Lap reponn sou ralonj ki anlè, adwat atik sa a, kesyon Lavwad'lamerik.