Accessibility links

Breaking News

Pi Gwo Defi Pou Ayisyen Ozetazini, Canada e Repiblik Dominikèn Pandan 2008 la


Ayisyen Ozetazini, sitou nan Eta Florid, ki pa gen bonjan dokiman imigrasyon, te viv 2008 la nan kè-sote pou otorite imigrasyon pa depòte yo. Plizyè nan imigran ayisyen ki gen rezidans pèdi travay yo akòz kriz ekonomik la. Epi nan fen 2008 la, anpil nan yo pèdi lajan yo te envesti nan yon biznis ki te pwomèt lap double, nan 3 mwa, enterè sou envestisman yo. Yon lòt kote, imigran Ayisyen yo nan Florid gen anpil espwa tou nan pwochen administrasyon prezidan-eli Etazini an, Barack Obama.

Jounalis Ernst Antoine Jean ap repon kesyon Lavwadl'amerik depi vil Miami, Eta Florid.

O Canada, depòtasyon pa yon gwo pwoblèm pou pifò imigran san dokiman, paske imigrasyon Kanadyèn fè yon kanpe sou depòtasyon resòtisan kèk peyi; pami yo, Ayiti. Sepandan, kriz ekonomik la lakòz plizyè ayisyen pèdi djòb yo nan Canada. Konpatriyòt sa yo espere 2009 la va pote chanjman pozitif pou yo sou plan ekonomik. Sou plan politik, gen pwogrè ki fèt. Jounalis Raymond Laurent ap eksplike.

Nan Repiblik Dominikèn, youn nan pi gwo pwoblèm imigran ayisyen te konfwonte pandan ane 2008 la e ke yo kontinye ap konfwonte, se pwoblèm pitit yo fè nan peyi sa a ki pa genyen sitwayènte dominikèn akòz paran yo pa gen rezidans legal nan Repiblik Dominikèn. Kèk nan ti moun sa yo pa menm ka reklame sitwayènte ayisyèn. Ayisyen yo te sibi tou zak vyolans nan men sitwayen Dominiken yo nan plizyè vil ak vilaj pandan ane 2008 la.

Jounalis Edouard Saint-Jean ap ba nou detay depi vil Santo-Domingo, kapital Repiblik Dominikèn.

NB: Klike sou lyen ki anlè e adwat atik sa a pou ou koute magazin sa a avèk Ronald César depi Washington.

XS
SM
MD
LG