Accessibility links

Breaking News

Jamayiken Usain Bolt Meyè Atlèt pou Ane a


Jamayik / Atletis

Asosyasyon Press Spòtif Entènasyonal vote kourè Jamayiken Usain Bolt ak Rus Yelena Isinbayeva kòm meyè atlèt pou ane 2008 la. Bolt te bat 3 rekò du mond e ranpòte 3 meday dò nan Je zolenpik Peken yo resevwa plis vwa ke najè ameriken Michael Phelps ki te ranpòte yon total 8 meday dò nan menm konpetisyon an. Jwè tenis espayòl Rafael Nadal fini 3 zièm.

Bò kote meda m yo Isinbayeva fini an premyè pozisyon devan Kenyan Pamela Jelino ak jwè tenis Sèb Jelena Jankovic.

Seleksyon football espayòl vote kòm pibon seleksyon football pou ane a apre yo ranpòte koup dEròp dè nasyon an devan Almay.

Ekip relè Jamayik la fini 2 zièm devan chanpyon lig Eropeyen an Manchester United. 571 jounalis nan 96 peyi te patisipe nan sondaj la ki te fèt sou entènèt.

Tenis

Numewo 4 tenis mondyal maskulen an Britanik Andy Murray ak Rus Nikolay Davydenko kalifye pou semi final tounwa tenis Mondyal Abu Dhabi a.

Davydenko elimine ameriken Andy Roddick 6-4, 6-4 pou l rankontre numewo 1 tenis mondyal la espayòl Rafael Nadal. Andy Murray kale byen fasil James Blake 6-2, 6-2 pou l rankontre Swis Roger Federer.

Tounwa sa a pa fè pati tounwa tenis ATP kap kòmanse semen pwochèn nan Brisbane an Ostrali.

Baskètbòl

Richard Lewis make 21 pwen pou ede Orlando Majik wouze Chikago Bulls 113 a 94 yè swa nan NBA a. Nan Houston Yao Ming make 22 pwen epi trape balon an 10 fwa pou pèmèt Rockets yo ranpòte yon viktwa tou mens 85 a 81 devan Milwaukee Bucks. Allan Iverson make 19 pwen nan viktwa 83 a 75 Detroit Pistons ranpòte sou New Jersey Nets. Nan match gason pa kanpe Denver Nuggets kale Toronto Raptors 114 a 107. Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens devan Los Anjeles Clippers 100 a 92. Pou yon 4 trièm fwa Oklahoma City Thunders ranpòte yon viktwa pou sezon an. Viktim nan se Golden State Warriors 107 a 100 an favè ekip Oklahoma a.

Foutbòl

Izrayèl ranvwaye tout match football ki dwe jwe nan peyi a 2 jou apre yon misil militant Hamas yo ta lanse tonbe sou yon teren football.

Footbalè Angle Steven Gerrard kap jwe nan Liverpool te patisipe nan antrenman yè Mèkredi kèk jou apre la polis te arete l ak 5 lòt apre yon akrochaj nan yon bar. Gerrard gen pou l ale an tribunal 23 Janvye pou l fè fas ak akuzasyon an.

US/ Foutbòl

Antrenè seleksyon ameriken Bob Bradley konvoke 25 jwè nan antrenman an preparasyon ak match amikal kont la Swèd 24 Janvye nan Carson an Kalifòni. 20 pami jwè yo ap evolye nan Lig football balon ameriken an.

Ameriken yo ap jwe premye match kalifikatif koup du mond yo pou ekzagonal final KONKAKAF la fas a Meksik 11 Fevriye. Nan menm jounen an Kosta Rika ap akeyi Honduras, Trinidad and Tobago ap fè yon kout pye lakay Salvador. 2 zièm jounen group 6 la fikse pou 28 Mas.

KONKAKAF/ Lig Chanpyon

Klub ameriken Houston Dinamo ap akeyi klub Meksiken Atlante madi 24 Fevriye nan kar de final Lig chanpyon KONKAKAF la. Lòt match yo ap jwe Mèkredi 25 Fevriye. Match retou yo fikse apre yon semen.

XS
SM
MD
LG