Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Direksyon Polis Jidisyè a Fè "Le Point" Sou Lajan Dwòg Ki Disparèt Nan Vil Pòd'Pè a


Minis jistis ayisyen an, Jean-Joseph Exumé, ak Direktè Polis Nasyonal la, Mario Andrésol, pran lapawòl lendi 29 desanm nan sou dosye jij de pè, komisè gouvènman ak polisye ki ta fè dap-piyan sou plis pase yon milyon dola lajan lapolis te dekouvri e sezi dènyèman lakay yon sipoze trafikan dwòg nan vil Pòd'Pè, nan rejyon nòdwès Ayiti. Mesye Exumé deklare afè sa a se pa yon afè moun dwe pran konsa, konsa "se koze trafik dwòg, kowipsyon, lavaj lajan sal ki enplike, pami lòt moun, ajan fonksyon piblik la. Laprès dwe evite tonbe nan jwèt manipilatè kap simaye rimè sou rezo entènèt la kòmkidire se bon jan ankèt ya'p site san pèson pa konnen ki moun ki fè ankèt sa yo".

Dapre yon nòt yo remèt jounalis yo, 12 novanm 2008 la, apre yon fouÿ ajan Brigad Lit Kont Trafik Stipefyan yo, BLTS, lakay yon sèten Marc Frédéric, yo dekouvri yon kòfrefò chaje ak greenback (dola vèt) ke ajan BLTS ak ajan Drug Enforcement Agency yo (DEA) transpòte le 13 nan Pòtoprens. Apre yo finn konte lajan an, toujou selon nòt de près la, yo jwenn kòb la depase yon milyon dola, tandiske nouvèl ki sòti Pòd'Pè te pale de plizè milyon...

Eske gen moun ki fè chimen kwochi ak yon pati nan lajan? si repons lan se wi, ki moun moun sa yo ye? Eske se fonksyonè lajistis ak polisye nan vil Pòd'Pè ki ta fè chimen kwochi ak rès mago a ? Se repons sa a responsab lajistis yo ap chèchè nan ankèt la. Ann atandan, responsab lajistis yo nan Pòtoprens sispann komisè gouvènman tribunal premye enstans de Pòd'Pè a, Mèt René Moïse, jij de pè ak plizyè grefye ki t'al fouye kay Marc Frédéric la.

NB: Pou lòt detay sou nouvèl sa a ak lòt pwen kap fè aktyalite a an'n Ayiti, fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat, paj wèb la. E pou nouvèl sou aktyalite entènasyonal la, klike sou diferan pwogram nou yo, agoch paj sa a.

XS
SM
MD
LG