Accessibility links

Breaking News

Operasyon "Kout Pwen" Israel Nan Gaza: Plis Pase 280 Moun Pèdi Lavi Yo


Aviasyon militè isarelyen an atake sib militan Hamas yo nan Gaza--yon tèritwa ki sou kontwòl gwoup miltan islamik palestinyen an sou 2 dezyèm jou yon operasyon militè ki pran lavi omwen 280 palestinyen. Dapre travayè la sante palestinyen yo Avyon de gè ak elikoptè israelyen detwi prensipal sant sekirite Hamas nan vil Gaza a, kote 4 kretyen vivan pèdi lavi yo.

Anvan atak sa a, lame israelyèn nan te bonbade yon moske li di ki se yon baz teworis. 2 moun mouri nan bonbadman an. Samdi, premye jou ofansiv la, sous militè israelyen yo te fè konnen yo detwi 40 objektif nan 5 minit. Rèd la pran Hamas pa sipriz.

Lame israelyèn nan voye sòlda sou fwontyè Gaza a pandan kabinè a rele sou "les drapeaux" 6.500 militè rezèv--yon desizyon ki lese moun kwè Israel kapab sou wout pou l' ogmante presyon an sou Hamas si se pa lanse yon lagè a gran lijyèn.

Repons militan palestinyen pa rete tann lontan, yo lanse yon lapli wokèt sou pati sid Eta juif la. Gen 2 fize ki tonbe toupre pò Ashdod--byen lwen fwontyè sid ki separe Israel ak Gaza a-- sa ki montre kapasite Hamas pou l' touche sib byen fon ann Israel; yon bagay yo pat janm fè anvan. Pa gen chat nan lari Gaza kote tout lekòl fèmen. Sepandan, Israel kite yon konvwa sekou antre nan Gaza pou soulaje yon tikras blokis li mete sou tèritwa a ke Hamas kontwole.

Minis afè etranjè Israel la, Tzipi Livni, deklare bonbadman an se yon zak kif-kif pou atak ak wokèt e ak mòtye Hamas ap plede lanse sou tèritwa israelyen an e kap vale teren depi Hamas leve semèn pase sese'l fe li tap obsève depi 6 mwa ak Eta juif la. Livni di "pa gen okenn lòt altènativ e nap fè sa k' nesesè pou n' defan sitwayen nou yo". Hamas chita nan Gaza e lap lanse atak sou Israel. Nou di "ase atò, ase !

Minis defans israelyen an, Ehud Barak, di "objektif operasyon an se kase ren Hamas". Barak ajoute: si sa nesesè li pral kontinye ak operasyon an. Li deklare lagè kont teworism nan se yon lagè manch long, men Israel deside chanje sitiasyon an nan rejyon sid Eta ebre a.

Israel pa ekate non plis posibilite pou l' voye lame li nan Gaza, e menm vize dirijan Hamas yo.

XS
SM
MD
LG