Accessibility links

Breaking News

Yon Eleman Degize An Tonton Nwèl Tire E Touye Omwen 8 Moun nan Los Angeles


Zak vyolans dewoule divès kote nan lemond pandan fèt Nwèl la. Isit Ozetazini, lapolis nan Eta Kalifòni --pi presizeman nan Komin Covina, awondisman Los Angeles-- fè konnen 8 moun pou pi piti mouri apre yon nèg ame ouvè kout zam nan yon fèt ki te reyini plizyè moun pandan yon reveyon 24 desanm nan.

Daprè anketè yo, Bruce Jeffrey Pardo ki te degize an Tonton Nwèl e ki te gen yon zam nan men l', debake kay paran ansyen madanm li nan yon katye vil Los Angeles. Pou koumanse, misye tire yon fiyèt 8 tan ki te vinn ouvè pòt la pou li apre l te frape e sete kòmansman deblozay la, paske mesye Pardo ta pral louvri kout zam sou tout moun ki te nan fèt la.

Apre "fo" Tonton Nwèl la te fin dechaje zam nan, li mete dife nan kay la pandan envite yo, yo menm, t'ap eseye chape poul yo. Apre sa, Pardo kouri kite sèn nan pou l' ale kay yon frè l' kote lapolis di li touye tèt li ak yon bal. Otorite yo pa presize si tout viktim yo mouri anba kout zam oubyen si se dife a ki touye kèk nan yo. Yo di Pardo sanble te gen pwoblèm mantal apre divòs li ak pitit-fi mèt kay la, sa pa gen lontan. Ansyen madanm li a ak paran dam nan sanble yo ta pami moun ki mouri yo.

Yon lòt kote, nan peyi Pewou, lapolis fè konnen 5 moun mouri e 6 lòt pou pi piti blese lè yon gwo van panik te soufle nan yon nightclub e kliyan yo te pran kouri apre yon moun te dechaje yon boutèy gaz lakrimojèn. Responsab yo di ensidan an rive jedi nan Boom Nightclub, nan vil Juliaca, nan sid peyi a. Lapolis anonse yo arete plizyè moun yo sispèk ki ta mele nan eksplozyon gaz lakrimojèn nan.

XS
SM
MD
LG