Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Grand Bretay Mande Demisyon Prezidan Zimbabwe a


Lezetazini deklare li paka apiye ankò akò ki prevwa pataj pouvwa a nan Zimbabwe ant pati Prezidan Robert Mugabe a ak opozisyon an. Prensipal diplomat ki reprezante gouvènman Bush la pou kontinan afriken an, Jendayi Frazer, fè kòmantè sa a yè nan Pretoria, ann Afrik di Sid.

Miss Frazer di "Prezidan Mugabe ta dwe pran retrèt li. Tan msye pase. Akò pou pataje pouvwa a ta dwe antre an vigè e sa dwe fèt ak yon lòt Prezidan, pa Mugabe!"

Sepandan gouvènman sidafriken an deklare yon gouvènman inite nasyonal ant ZANU-PF ak Mouvman pou Chanjman Demokratik la rete jiskaprezan meyè espwa pou chanjman nan Zimbabwe.

Lagrand Bretay, bò kote pa l, lanse yon apèl bay Prezidan zimbabweyen an pou li demisyone paske, dapre gouvènman britanik la, Robert Mugabe rann enposib aplikasyon akò pou pataje pouvwa a.

Minis afè afrikèn yo Mark Malloch Brown deklare maten an, pataj pouvwa a nan Harare se pa yon dosye ki klase, men Mugabe tounen yon obstak, yon baryè, ki anpeche li reyalize. Msye Brown di li dakò ak evalyasyon Etazini fè sou sitiyasyon an nan Zimbabwe.

Pou w koute repòtaj sa a, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG