Accessibility links

Breaking News

Lafrans Pral Double Asistans li Anfavè Ayiti Pandan Ane 2009 la


Kooperaysyon fransèz nan peyi Dayiti anonse li pral double asistans li anfavè peyi karibeyen an pandan ane 2009 la nan kad pwogram “ko-devlopman” li mete sou peye avek diaspora aysisyen kap viv an Frans ak nan depatman ak tèritwa fransè ki lòt bò dlo yo (Départements et territoires d'Outre-mer). Chèf kooperasyon fransèz la nan Pòtoprens, Alain Sauval, di Lavwdlamerik gen 600,000 Euro yo déjà dekese pou divès pwojè nan plizyè rejyon Ayiti.

Nou ka koute sou ralonj ki anlè entwodisyon sa a mesye Sauval nan ekstrè yon entèviou li bay Jean-Pierre Leroy.

Yon lòt kote, Inivèsite Deta Dayiti ak inivèsite d'Eta Otonòm Santo-Domingo a pral reyalize yon ansnam yon etid sou migrasyon ayisyen nan Repiblik Dominikèn, selon rektè 2 enstitisyon yo, respektivman Jean Henri Vernet (pou Inivèsite Deta Dayiti) ak Franklin Garcia Fermin ( Inivèsite Otonòm Santo-Domingo) anonse.

NB:Pou plis detay sou tèm sa yo fè yon klik sou ralonj ki anlè paj sa

XS
SM
MD
LG