Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Pou Retou Ansyen Prezidan Jn-Bertrand Aristide Nan Vil Pòtoprens, Ayiti


Katran di mwa apre "départ'' presipite e an katastwòf prezidan Jean-Bertrand Aristide pou Repiblik Santrafrik epi pou Afrik Di Sud, dè milye militan pwo-Lavalas (pati politik ansyen prezidan an) e pwo-Aristide manifeste madi 16 desanm 2008 la nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.

Objektif mach sa a se komemore dizuityèm anivèsè Pè Aristide kòm premye prezidan demokratikman eli Ayiti apre 30 tan diktati divalyeris la ak katran tranzisyon difisil. Manifestan yo te pran beton an tou pou reklame retou lidè Lavalas la e pou fòmile kèk lò revandikasyon yo vle pou gouvènman Préval/Pierre-Louis rezoud prese-prese.

Korespondan nou Jean Max Blanc te desann nan lari a pou pran "tanperati" manifestasyon an e rekeyi revandikasyon manifestan yo ke lap pataje avèk nou nan repòtaj ki sou lyen ki anlè atik sa a.

Nou annik fè yon klik sou ralonj la pou devlopman tèm sa a e koute deklarasyon Depute Steven Benoît ki genyen pou wè ak vòt palman an dwe fè jedi semèn sa a sou Budjè Nasyonal la. Msye Benoît di depite yo pa dwe e yo pa pral vote okenn budjè alavavit pou yo pran tan pou yo analize li e gade si tout seksyon kominal ak depatman peyi a jwenn tranch pa yo nan sa li rele Budjè desantralize a.

XS
SM
MD
LG