Accessibility links

Breaking News

Patizan Ansyen Prezidan Aristide yo Anonse Yon Manifestasyon Pou Jodi Madi a Nan Pòtoprens


Patizan ansyen prezidan ayisyen Jn-Bertrand Aristide ap pare pou yo pran beton an jodi madi a pou yo reklame retou li nan peyi a e mete presyon sou gouvènman an pou plis chanjman politik. Se youn nan pwen Jean-Robert Philippe abòde nan yon ti koze ak jounalis Jorel Labadie, responsab nouvèl Radyo Ginen, nan Pòtoprens.

Yon lòt kote, yon sous nou kontakte nan Salvador da Bahia, o Brezil, fè konnen Prezidan René Préval pap prezan nan somè lidè Amerik Latin ak Karayib la ap òganize jodi a ak demen mèkredi a nan peyi sidameriken an. Jn-Pierre Leroy te pale ak anbasadè brezilyen an ann Ayiti, ki deplase al nan konferans sa a.

Pou w ka tande nouvèl sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG