Accessibility links

Breaking News

FIFA ap Kore Efò Afrik du Sud


Foutbòl/ Afrik du Sud

Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen pa gen oken rezon pou koup du mond football 2010 la pa dewoule an Afrik du Sud akoz ralantisman ki genyen nan konstruksyon epi ak to kriminalite kap ogmante nan peyi a. Msye Blatter fè deklarasyon an apre responsab komite òganizatè a Sud Afriken Danny Jordan pwomèt tout stad yo ap disponib, system transpò ap an plas san bliye sekurite.

Klub football Japonè Gamba Osaka kalifye pou semi final chanpyona du mond anuèl klub yo kap dewoule o Japon gras ak yon viktwa tou mens li ranpòte devan klub Ostralyen Adelaide. Klub Japonè a pral rankontre chanpyon Eropeyen an Manchester United Jedi. Reprezantan KONKAKAF la klub Meksiken Pachuca kalifye pou semi final la apre li kale klub Ejipsyen Al Ahly pou l rankontre chanpyon Sud Ameriken Liga de Quito Mèkredi.

Seleksyon football feminen ameriken an ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan la Chin nan kad yon rankont chofe jarèt ki jwe nan Carson an Kalifòni ant 2 seleksyon yo. 2 seleksyon yo ap rankontre Mèkredi nan Detroit.

Basketball

New Orleans Hornets wouze Toronto Raptors 99 a 91 gras a 29 éwem David West make. San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Oklahoma City Thunder 109 a 104. Memphis Grizzlies danse sou Miami Heat 102 a 86. Kobe Bryant make 26 pwen epi 5 pas ki make pwen nan viktwa 98 a 86 Los Anjeles Lakers ranpòte devan Minnesota Timberwolves. Lakers yo ranpòte 13 sou 14 dènye rankont yo jwe nan NBA depi sezon an kòmanse.

Foutbòl Ameriken

Atlanta Falcons suprann Tampa Bay Buccaneers ak yon viktwa 13 a 10 an pwolongasyon nan moman 2 ekip yo mete yo nan yon pozisyon pou kalifye nan faz final la. Pittsburgh Steelers ranpòte divizyon Konferans Ameriken zòn Nò apre viktwa li ranpòte devan Baltimore Ravens 13 a 9. Carolina Panthers kontinye ap vanse nan direksyon yon kalifikasyon apre swif 30 a 10 yo pase Denver Broncos. Washington Redskins nan pwoblèm apre defèt 20 a 13 yo subi devan Cincinnati Bengals. Defèt ki mete Washington nan yon move pozisyon pou l kalifye nan faz final la.. San Diego Chargers te fè anpil efò avan li kale Kansas City Chiefs 22 a 21. Houston Teksan suprann Tennessee Titans 13 a 12. New York Giant tonbe devan Dallas Cow Boys 20 a 8. Indianapolis Colts pase yon move moman avan li kale Detroit Lions 31 a 21. Aswè a Philadelphia Eagles ap akeyi Cleveland Browns.

Boxe

Boksè pwa lou Ukrenyen Wladimir Klitschko kapote ameriken Hasim Rahman pou l konsève tit Federasyon Entènasyonal Boks la . Abit la te kanpe rankont la pandan 7 tièm round lè l te remake Klitschko tap foule kòt ameriken an ak kout pwen.

XS
SM
MD
LG