Accessibility links

Breaking News

Inogirasyon Yon Lopital Pou Timoun Andikape Nan Vil Pòtoprens, Ayiti


Plizyè pèsonalite nan mond sinema e politik ameriken an patisipe nan inogirasyon yon lopital pou timoun andikape nan kapital aisyen an, Potoprens. Pami pèsonalite sa yo genyen metè an sèn kanadyen Paul Haggis, aktè Madeleine Stowe, Diane Lane, Josh Brolin ak aktè ayisyen Jimmy Jean Louis plis ansyen senatè e kandida demokrat alaprezidans, John Edwards. Pandanstan nan vil Gonayiv, preske 85 kilomèt o nò Pòtoprens, apeprè yon santèn andikape fizik manifeste mèkredi 3 desanm nan (Jounen Mondyal Andikape) pou mande otorite responsab yo pran mezi pou fasilite lavi kotidyen yo.

Korespondan Sèvis Kreyòl la, Clarens Renois (nan Pòtoprens) ak Alfred Jean (Gonayiv) ap ban nou plis presizyon sou 2 pwen sa yo sou ralonj ki anlè tèks la kote nou ka koute tou reprezantan peyi Brezil la nan peyi Dayiti kap pale de kooperasyon peyi li avek Ayiti nan plizyè domèn, tankou enèji idwoelektrik, pa ekzanp.

XS
SM
MD
LG