Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a


Prezidan-eli Barack Obama entrodui ekip ekonomik li a jodi lendi a, prèske 2 mwa avan enstalasyon li nan Lamezonblanch. Msye Obama bay yon konferans pou laprès amidi a nan vil Chicago pou l’anonse pèsonaj-kle ki pral travay sou yon plan relans ekonomik li elabore pou kreye plizyè milyon anplwa.

Nan tèt ekip sa a nou jwenn Timothy Geithner, Prezidan Bank Santral New York la, ki pral ranplase Henry Paulson kòm Minis Trezò. Mache finansye ameriken yo te reyaji pozitivman vandredi lè yo te aprann ke Tim Geithner pral okipe pòs Minis Trezòa.

Msye Obama anonse tou jodi a chwa Lawrence Summers kòm Direktè Konsèy Ekonomik Nasyonal Mezonblanchla (NEC). Msye Summers te okipe pòs Minis Trezò sou administrasyon Clinton nan.

Prezidan-eli Obama chwazi Christina Romer pou dirije gwoup Konseye Ekonomik li-yo (CEA), epi Melody Barnes ki pral alatèt Konsèy sou Politik Nasyonal la (CNP). Nouvo administrasyon an pran angajman pou li pwopoze yon plan relans ekonomik byen chapante tousuit apre Barack Obama va fin prete sèman nan dat 20 janvye 2009 la. Plan sa a ka koute plizyèn santèn-milya dola. Sepandan, Barack Obama pat vle bay chif nan konferans jodi a.

XS
SM
MD
LG