Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Sou Deklarasyon Premye Minis Ayisyen an Nan Peyi Lafrans


Ayiti: Plizyè sektè nan vi nasyonal la kontinye ap pote solidarite bay fanmi viktim efondreman lekòl “La Promesse Evangélique” nan Petion-ville. Pandansetan gouvènman an kòmanse aplike kèk mezi pou anpeche yon katastwòf konsa repete nan peyia.

Selon chif ki soti bò kote responsab yo sou kantite viktim yo, Depatman Sid la ta gen plis moun ki frape nan trajedi Petion-ville la. Korespondan nou nan rejyon an Jn-Hernst Eliscar di nou Minis Marie Laurence Jocelyn-Lassègue konfime ke gouvènman an vèse yon montan bay fanmi viktim yo ki, yo menm, òganize antèman yo.

Lot pwen nan aktyalite ayisyèn nan--antouka nan aktyalite ki konsène Ayiti--se deklarasyon Chef gouvènman an, Michèle Duvivier Pierre-Louis, nan peyi Lafrans kote, dapre nouvèl yo, li kritike kominote entènasyonal la. Chérubin Dorcil abode pwen sa a, ak lòt ankò, ak Analis Robert Bénodin, ki nan eta Florid.

Msye Bénodin di youn nan rezon ki lakòz kominote entènasyonal la ontijan renka nan afè voye lajan bay pouvwa a nan Pòtoprens se akòz pwoblèm koripsyon an. Ayiti, vrèman vre, figire pami peyi kote k gen plis koripsyon nan lemond. Epi, yon bon valè asistans etranje pase atravè ONG (Oganizasyon Non-Gouvènmantal), kidonk atravè sektè prive a.

Pou w ka koute nouvèl ak kòmantè sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG