Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Kapab Anonse Kèk Mezi Semèn Sa a Apre Efondreman Lekòl Ki Fè Plizyè Santèn Viktim Nan Kapital la


Peyi dAyiti kontinye ap kriye pou lanmò omwen 90 elèv ak lòt moun ki te nan lekòl Promesse Evangélique lè li te efondre 7 novanm pasea, ak disparisyon yon pi gwo kantite toujou anba debri lokal la.

Pandansetan, atansyon tout moun fikse sou gouvènman Premye Minis Michèle Pierre Louis a, e sou Prezidan René Préval, pou wè sa yo pral fè pou anpeche yon katastwòf konsa repete. Eric Solon Ulysse, jounalis Radio Ginen nan Potoprens, di nou se youn nan eleman ki pral domine aktyalite a semèn sa a.

Yon lòt kote, Ulysse pale nou de dosye eleksyon pasyèl avril 2009 yo epi reyaksyon sou deklarasyon yon manm Palman an ki fè konnen omwen 20 timoun ta mouri grangou nan Sidès Ayiti apre pasaj dènye tanpèt ak siklòn yo.

Si ou vle koute ti koze nou fè ak jounalis Radio Ginen an, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.


XS
SM
MD
LG