Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ap Resevwa Lidè Mondyal yo Wikenn sa a nan yon Somè sou Kriz Sektè Finansye a 


Sou kontinan azyatik la e ann Ewòp, volim tranzaksyon yo ak pri aksyon yo ogmante jodi vandredi 14 novanm nan, nan moman lidè 20 pi gwo peyi endistriyalize yo ak ekonomi ki fèk ap monte yo pral reyini nan Washington pou fè chita-tande sou kriz sektè finansye a ap travèse nan lemond. Nan Tokyo, Nikkey la pran preske 2, 3 pou san sou valè li te genyen yè jedi a, tandiske nan Hong Kong, Hang Seng nan fini tranzaksyon yo ak yon wòs preske 2, 5 pou san. Nan Changhai (Lachin), Sidney (Ostrali), ak Wellington (Nouvèl Zelann), mache yo fèmen tou nan yon nivo ki pi wo. Pandansetan, sou kontinan ewopeyen an endis endistriyèl yo monte nan vil Lond, Pari ak Frankfò nan kòmansman jounen an. Pou sa ki konsènen vil Pari, envestisè yo atann yo aske nouvèl pral sòti pou di ekonomi fransèz la te anrejistre yon wòs 0, 10 pousan pou trimès jiyè-septanm nan.

Pandansetan, Prezidan Bush ap pare pou l resevwa jodi vandredi a nan La Mezon Blanch plizyè lidè mondyal ki pral patisipe nan yon somè sou kriz sektè finansye a ap travèse a. Somè sa a ap kòmanse demen samdi a. Lidè ameriken an bay yon amòs sou travay ki dwe fèt pou rezoud kriz sa a nan yon mesaj li mete devan yon gwoup lidè sektè komès ak endistri a nan new York jedi 13 novnam nan. Daprè misye Bush, travay sa a ta dwe chita sou “mache lib ak pèp lib”.
Klike sou lyen anlè a pou w detay sou mesaj prezidan Bush la ak kèk reyaksyon avèk Marie-Luce Pierre e Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG