Accessibility links

Breaking News

Almay, Twazyèm Ekonomi Mondyal la Antre Nan Resesyon


Gouvènman alman an fè konnen ekonomi peyi a (3èm pi gwo ekonomi sou planèt la) twouve l' nan yon resesyon. Pandanstan, òganizayson pou Kooperasyon Ekonomik ak Devlopman (OCDE) ki reyini 30 peyi, predi aktivite ekonomik yo pral sibi yon bès yon demi pousan nan peyi ki sèvi ak "Euwo a", e aktivite yo pral bese 9 dizyèm yon pousan Ozetazini ane kap vini an.

Pandan prezidan Bush tap fè yon diskou nan New York jedi 13 novanm novanm nan, li rejte kritik ki fè konnen gouvènman ameriken an manke entèvni sou mache a. Msye Bush di Entèvansyon gouvènman an, se pa yon solisyon pou tout pwoblèm. Pa ekzanp, kèk moun lague kriz la sou do mank regilasyon nan mache ipotekè ameriken an. Plizyè peyi ewopeyen gen plis regilasyon pase nou, men, malgre sa, peyi sa yo ap fè fas ak prèske menm pwoblèm avèk nou. Listwa montre pi gwo menas ki poze pou pwosperite ekonomik, se pa mank entèvansyon gouvènman an sou mache a, se pito lè gouvènman an entèvni twòp” . Prezidan Bush fini pa di lidè yo dwe mete an plas pi bon regilasyon nan sistèm finansye a.

Antretan, to chomaj la ogmante ankò Ozetazuni pou l’ rive nan yon nivo nou pat wè depi 7 an. Jedi, yon rapò Depatman di Travay pibliye fè konnen 516 mil travayè atravè peyi a te soumèt yon deman asistans-chomaj semèn pase a. Pwoblèm kredi bank yo pa vle bay ak lavant ki bese toupatou, fòse anpil patwon ap fè konpresyon pou yo ka redui depans yo.

Sou yon plan piman politik, ansyèn kandidat alavisprezidans, Sarah Palin, deklare Pati Repibliken an deside kolabore ak gouvènman Obama a, lè li monte sou pouvwa a nan mwa janvye a, e lap ofri gouvènman sa a tout èd li ta bezwen. Gouvènè Eta Alaska a deklare eleksyon an, kounye a, “se le pase” e ke atansyon’l fikse jounen jodi a sou avni peyi a.

Madam Palin ki tap pale nan vil Miami, Eta Florid--kote lap patisipe nan konferans gouvènè repibliken yo--felisite senatè John McCain, ansyen kandida alaprezidans Pati Repibliken-an. Li di li santi se yon gwo onè msye McCain te fè’l lè li te chwazi l' kòm kandidat alavisprezidans sou tikè repibliken an. Palin envite tokay gouvènè li yo travay pou yo fè refòm lakay yo, tankou refòm swen-sante epi limite depans l’Eta ap fè.

XS
SM
MD
LG