Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Senatè Mande Aksyon Nan Pouvwa Egzekitif la Apre Efondreman 2 Lekòl


Nan peyi dAyiti, palmantè tou lè 2 chanm yo eksprime mekontantman yo devan lantè gouvènman an pou l entèdi konstriksyon kay kap fèt san respè pou lwa sou ibanizasyon yo. Yon korespondans Rotchild François,Jr.

Yon manm Palman ayisyen an mande otorite yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo evite plis viktim aprè 2 lekòl tonbe nan mwens pase yon semèn. Korespondan nou Galilée Périlus gen detay depi vil Sen Mak.

Anfen, responsab sektè agrikòl la ann Ayiti lanse yon Pwogram Pwodiksyon Nasyonal nan Sid peyi a kote nou genyen kòm korespondan Jean Hernst Eliscar.

Si ou ta renmen koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG