Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Demoli Building Ki te Efondre e Touye Omwen 89 Moun Vandredi Pase a


Responsab Sant Ekipman Nasyonal ayisyen kòmanse demantibile rès batiman Kolèj "La Promesse Evangélique" ki te efondre Vandredi 7 Novanm pase a nan Pétion-Ville. 93 moun mouri pou pipiti selon ajans nouvèl yo—89 selon responsab nan Biwo Pwoteksyon Sivil Ayiti a. Genyen omwen 150 blese.

Desizyon pou demoli lokal la rive apre otorite yo te deklare lendi yo pa kwè gen moun ki vivan toujou anba debri building nan. Sekouris ameriken, matinikè ak ayisyen te dekouvri kèk kadav avan operasyon demolisman an te kòmanse.

Dapre Agence France Presse, otorite ayisyen yo dekrete jodi a ak demen kòm jounen dèy nasyonal anmemwa viktim yo. Drapo ap monte demi ma nan biwo piblik yo. Otorite yo mande pou ekolye yo pote brasa nwa e pou tout lekòl obsève yon minit silans.

Dapre nouvèl yo lajistis voye nan depo Pastè Fortin Augustin, pwopriyetè lekòl la, apre li te fin reponn kesyon anketè yo. Pastè a te rann tèt li bay lajistis Samdi.

Si ou vle koute repòtaj sa a, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG