Accessibility links

Breaking News

93 Moun Mouri e 150 Blese, Se Bilan Trajedi Lekòl Nérettes la-Pétion-Ville


Biwo Pwoteksyon Sivil la nan peyi Dayiti founi yon nouvo bilan viktim lekòl La Promesse Evangélique ki anfale sou yon bann timoun ak pwofese vandredi 7 novanm denye a nan Nérettes, yon katye nan Pétion-Ville---yon site rezidansyèl ki a 10 kilomèt alès kapital ayisyen an, Pòtoprens. Sekouris etranje ki sou plas di pa gen espwa jwenn moun vivan toujou anba debri yo.

Korespondan nou, Clarens Renois, ap devlope pwen sa a pou nou sou ralonj ki sou tèt entwodiksyon sa a. Nou va koute tou reyaksyon Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) José Miguel Insulza, ki eksprime senpati pou blese yo e voye kondoleyans bay fanmi ki pèdi pitit ak paran nan katastwòf la.

Nouvo minis jistis ayisyen an, Jean Joseph Exumé, reyaji tou sou dram lekòl "La Promesse Evangélique" la.

Sou plan entènasyonal, yon potomitan mizik Afrikèn nan, Miriam Makeba, mouri nan peyi Italie. Chérubin Dorcil ap drese yon pòtre gran atis ki bay lemond "Malaïka ak Pata Pata a.

XS
SM
MD
LG