Responsab Biwo Pwoteksyon Sivil ann Ayiti, Nadia Lochard, di Lavwadlamerik [korespondan nou Jn-Max Blanc] ke nouvo bilan efondreman lekòl La Promesse Evangélique vandredi pase a nan Pétion-Ville se 87 mò ak 150 blese pou pi piti. Genyen 43 timoun ki soti lopital jodi a, dapre Madam Lochard. Responsab BPC a te pale ak laprès sou anplasman trajedi a, apre yon konferans pou laprès dimanch maten.
Prezidan peyi a, René Préval, fè konnen gen teknisyen Ayisyen, Ameriken ak Fransè k'ap kolabore nan chache viktim yo. Bò kote pa l, Minis Spò a, Evans Lescouflair, demanti nouvèl ak rimè ki te fè konprann jiska 700 timoun te andedan lekòl la vandredi maten lè dezyèm etaj la te sot tonbe sou premye a epi angloti plizyè sal de klas. Li di akoz yon jounen espesyal, anpil elèv te absan e chif prezans la ka pat depase 300. Antouka, Meri Pétion-Ville mande tout paran pou yo kontake li depi demen maten pou konfime si timoun te ale lekòl nan jou sa a.
Pou yon repòtaj konplè, fè klik sou ralonj ki anlè atik sa a.