Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 80 Moun Mouri Nan Yon Lekòl Ki Efondre Vandredi Nan Pétion-Ville, Ayiti.


Plis pase 80 moun pèdi lavi yo e 124 lòt blese nan yon nouvo trajedi ki lage dèy nan fanmi ayisyèn nan apre yon lekòl, La Promesse Evangélique, efondre vandredi 7 novanm nan pandan omwen 600 ekolye ak enstititè yo te andedan etablisman an. Sekouris yo retire samdi 8 novanm nan 21 kadav anba debri yon klas--20 ekolye ak pwofesè yo-- e yo dekouvri 2 timoun vivan yon lòt kote sou sèn nan. Dapre sa prezidan ayisyen an, René Préval, di Clarens Renois (direktè Haiti Press Network e korespondan Sèvis Kreyòl Lavwadl'amerik) kapab genyen ant 100 ak 200 elèv toujou anba sa ki rete nan etablisman skolè a. Msye Préval di se posib pou yo vivan, men li pa ekate posibilite pou yo ta mouri tou.

Selon medya ayisyen yo te genyen apeprè 700 timoun nan lekòl la lè katriyèm etaj bilding nan te anfale sou lòt ki anba yo vandredi vè dizè di maten. Sepandan yo ajoute, yo pa konnen konbyen ki te nan lakou lekòl la, paske an jeneral dizè se lè rekreasyon nan pi fò sant ansèyman nan peyi Dayiti. Travayè sekou kontinye ap demele yo kou mèt Janjak pou eseye retire moun ki kwense anba twati beton sal de klas ki anfale yo. Yon ekip sapè ponpye zile Matinik rive Ayiti ak chen (renifleurs) pou ede detekte moun ki antere vivan ou ki mouri anba blòk beton ak feray. Prezidan Préval ak premye minis Michèle Pierre-Louis ale sou plas e lidè ayisyen an di msye Renois "li klè lekòl la pat solid".

Responsab yo poko detèmine sa ki pwovoke efondreman etablisman an. Men enjenyè-jeològ Jocelyn David Lavwadlamerik te kontakte di se swa yon pwoblèm strikti ki gen pou wè ak fason yo konstwi bilding nan, swa yon pwoblèm jeolojik, sètadi, ki gen rapò ak teren kote yo bati lekòl la.

Anbasad amerikèn nan nan peyi Dayiti eksprime chòk li e l' prezante kondoleyans ak senpati l' pou fanmi viktim ki mouri yo e pou elèv ak pèsonèl ki blese yo. Responsab yo fè konnen bilan viktim yo ka kontinye ogmante ofiramezi sekouris yo ap retire moun anba debri yo.

XS
SM
MD
LG