Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Yon Lekòl Efondre Vandredi Nan Yon Vilaj nan Petion-Ville


Apeprè swasant-kenz moun pèdi lavi yo e san-venn-kat lòt blese nan yon nouvo trajedi ki lage dèy nan fanmi ayisyèn nan apre yon lekòl, La Promesse Evangélique, efondre vandredi 7 novanm nan pandan omwen plis ke 600 ekolye ak enstititè te andedan etablisman an. Responsab yo poko detèmine sa ki pwovoke efondreman etablisman an. Men enjenyè-jeològ Jocelyn David di se swa yon pwoblèm strikti ki gen pou we ak konstriksyon bilding nan, swa yon pwoblèm jeolojik, sètadi, ki gen rapò ak teren kote yo konstwi lekòl la.

Anbasad amerikèn nan nan peyi Dayiti eksprime chòk li e l' prezante kondoleyans ak senpati l' pou fanmi viktim ki mouri yo e pou elèv ak pèsonèl ki blese yo. Responsab yo fè konnen bilan viktim yo ka kontinye ogmante ofiramezi sekouris yo ap retire moun anba debri yo.

(Ale sou ralonj ki anlè atik sa a pou tande eksplikasyon enyenyè Jocelyn David ak premye repotaj korespondan nou Jean-Max Blanc bay Lavwadlamerik vandredi 7 novanm nan.)

Yon lòt kote, Misyon Nasyonzini pou estabilize Ayiti a ajoute yon seri nouvo "batiman" nan asnal li pou fè patwouy nan dlo lanmè Ayiti. Pòtpawòl Minustah a nan peyi Dayiti, Sophie Boutaud De La Combe ap eksplike Lavwadlamerik orijinn bato yo, konbyen yo ye e kilès kap pilote yo.

Sou plan entènasyonal, pi ekzateman Ozetazini, nouvèl ki domine aktyalite a vandredi apre midi 7 novanm nan se premye konferans pou laprès prezidan eli Barack Obama bay nan vil Chicago, Eta Illinois, kote li pale sou ekip lap mete sou plas nan jou kap vini yo pou fè fas ak pwoblèm finansye e ekonomik peyi li ap travèse a.

Nou ka koute detay sou nouvèl sa yo si nou ale agoch paj wèb la e klike sou pwogram apre midi a ou ankò, fè yon klik sou achiv 7 jou. Lè paj la, louvri fè yon klik sou pwogram 5 kè vandredi apremidi a.

XS
SM
MD
LG