Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Prezidan Eli Obama Gen Pou Anonse Fòmasyon Kabinè l la Anvan Lontan


Prezidan eli ameriken an, Barack Obama, pral fè premye rankont li, jodi vandredi 7 novanm nan, ak ekip pwòch kolaboratè ki pral ede l fè fas ak kriz ekonomik Lèzetazini ap konfwonte a. Nan menm jounen an li gen pou l bay premye konferans pou laprès li depi li te ranpòte laviktwa nan eleksyon 4 novanm pase a.

Pandansetan kesyon ap poze sou idantifikasyon moun misye Obama ap chwazi pou l fòme kabinè li a, aprè Depite Rham Emanmuel fin aksepte pòs chèf pèsonèl Mezon Blanch la.

Yon lòt kote, si kèk manm kongrè a –tankou Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi—pwomèt yon bon jan kowoperasyon ak administrasyon Obama a, gen lòt ki panse Pouvwa Egzekitif la pa pral toujou jwenn yon woulib otomatik nan men Kongrè a. Pa egzanp, Senatè Chris Dodd (yon demokrat Eta Konektikit) lanse avètisman pou l di negosyasyon ap toujou nesesè ant 2 pati yo pou bagay yo mache, menm avèk yon majorite demokrat.

Daprè kèk analis, kowoperasyon sa a ap endispansab pou Barack Obama reyalize yon pwogram chaje odas li genyen pou Lèzetazini –sitou plan refòm nan sistèm finansye a, nan yon moman kote peyi a ap travèse yon kriz ekonomik trè grav.

Klike sou lyen anlè a pou w gen plis detay sou nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG