Accessibility links

Breaking News

Federasyon Lut Grèk la Anba Sanksyon


Atletisme

Federasyon Lut Entènasyonal la enpoze yon entèdiksyon 2 zan kont atlèt Grèk Ara Abrahamian epi pou l peye yon amand 2,600 dola apre li te jete meday de bronz li te ranpòte nan je zolenpik Peken yo. Antrenè a Leo Myllari tonbe anba yon entèdiksyon tou ansanm ak federasyon Lut Grèk la ki pa kapab akeyi oken konpetisyon entènasyonal pandan 2 zan. Antrenè a app eye yon amand 8,600 dola. Federasyon app eye 4,300 dola amand.

Desizyon an antre an vigè 3 Novanm. Pati konsène yo gen 21 jou pou ale an apèl devan Tribunal Arbitraj Spòtif la.

Baskètbòl

Franse Tony Parker make 55 pwen pou ede San Antonio Spurs kale Minnesota Timberwolves an doub pwolongasyon 129 a 125 nan chanpyona nasyonal basketball ameriken an. Parker te make pwen ki pèmèt rankont la ale an pwolongasyon yon 2 zièm fwa. Nan yon lòt rankont Amare Stoudemire make 49 pwen pou ede Phoenix Suns tronse Indiana Pacers 113 a 103 pandan ke Cleveland Cavaliers danse s ou Chikago Bulls 107 a 93 gras ak 41 pwen Lebron James make. Washington Wizards tonbe an pwolongasyon fas a Milwaukee Bucks 112 a 104.

Foutbòl

Manchester United prèske kalifye pou pwochen faz lig chanpyon Eropeyen an apre match nul 1 a 1 yo fè ak Celtics Glasgow. Villarreal fè match nul 2 a 2 ak klub danwa Aalborg pou l pataje premye plas ak Manchester United ak 8 pwen yo chak. Fiorentina suprann Bayern de Munick ak yon nul 1 a 1. Lyon bat Steaua de Boukarès 2 a 0 pou l pataje group F la ak Bayernde Munick ak 8 pwen yo chak. Nan group G a Arsenal fè match nul 0 a 0 ak Fenerbahce.

FC Porto wouze Dinamo de Kiev 2 a 1. Malgre defèt la Dinamo de Kiev toujou gen chans pou l kalifye ak 5 pwen nan group la. Real Madrid tonbe sou pwòp terenn fas a Juventus de Turen gras ak 2 gòl Alessandro del Pierro make. Li pran Juventus de Turen 46 zan pou l ranpòte yon viktwa lakay Real Madrid, yon viktwa ki pèmèt yo kalifye pou pwochen faz la.

Antrenè seleksyon arjanten an Diego Maradona trouve nan Barselòn kote li pral obsève Lionel Messi nan kad yon toune Eropeyen pou rankontre jwè ki pral fè pati seleksyon Arjanten an. Maradona prale an Almay ak Angletè.

Tennis

Rus Vera Zvonereva kale sèb Ana Ivanovic 6-3, 6-7, 6-4 nan dènye tounwa tenis pwofesyonèl feminen pou ane a kap dewoule nan Doha, Katar. Ameriken Venus Williams ranpòte 2 zièm viktwa l apre li kale Rus Elena Dementieva 6-4, 4-6, 6-3. Serena Williams te bezwen 2 manch pou l kale Rus Dinara Safina 6-4, 6-1.

XS
SM
MD
LG