Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Eli 44èm Prezidan Etazini


Kandida demokrat nan eleksyon amerikèn yo, Barack Obama, ranpòte eleksyon yo ak yon viktwa lavalas nan Kolèj Gran Elektè yo, kote li ranmase plis pase 349 vwa kont 163 pou John McCain. Konstitisyon an mande pou yon kandida jwenn 270 Gran Elektè pou li ka eli Prezidan.

Kandida repibliken an, Sen. John McCain, telefone Prezidan-eli Barack Obama pou li felisite li pou viktwa sa a. Apre sa, Msye McCain pran lapawòl devan yon foul patizan ni nan Phoenix, Arizona. Msye McCain deklare Etazini montre li se pi gran peyi sou latè. Li di se yon gran jou pou tout Afriken-ameriken.

Nan Chicago, yo estime plizyè santèn milye moun rasanble nan Grant Park pou koute diskou venkè a, Barack Obama. Televizyon moutre ansyen lidè dwa sivik Jesse Jackson ak dlo nan je. Se yon moman chaje ak emosyon pou tout lidè mouvman sa a ke Dr. Martin Luther King, Jr. te dirije nan ane 60 yo anvan yo te ansasinen li. Yon ansyen minis blan, ki se kòmantatè televizyon kounye a, deklare, "wi, Etazini se yon gran peyi e mwen swete Barack Obama va yon gran Prezidan."

Nan nivo Kongrè a, Demokrat yo pran plizyè syèj anplis nan Sena a ak Chanm Depite a. Espwa yo, anvan vòt la, se pou yo te rive konstwi yon majorite tèlman laj (60 Senatè sou 100) pou anpeche Repibliken yo bloke lejislasyon yo. N'ap suiv.

NDLR: Senatè Barack Obama ranpòte eleksyon an avèk 52% vwa yo kont 46% pou senatè John McCain. Si ou ta renmen reyaji sou evènman istorik 4 novanm 2008 la, ou kapab rele Lavwadlamerik nan (202) 382-7027 oubyen (202) 382-7014
XS
SM
MD
LG