Accessibility links

Breaking News

Federer ak Nadal Abanone Tounwa tenis Pari a


Tennis

Yon doulè nan do fòse numewo 2 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer abandone match kar de final tounwa tenis dè mèt Pari a. Federer te gen pou jwe kont ameriken James Blake.

Ameriken an pral rankontre nan semi final la kont arjanten David Nalbandian ki elimine Britanik Andy Murray 7-6, 6-3.

Bò kote pa l Rafael Nadal abandone tounwa a pou blesu apre li pèdu premye manch la 6-1.

Foutbòl

Ayiti ap rankontre Republik Dominikèn jodi a nan kad triyangulè eliminatwa koup du mond U-20 a ak patisipasyon la Grenad.

Ayiti ap rankontre la Grenad Dimanch avan dominiken yo rankontre ak la Grenad. Peyi ki fini premye a ap kalifye pou faz final la. Peyi ki klase 2 zièm nan pral jwe yon match de baraj kont peyi ki fini 2 zièm group ki gen ladann Jamayik, Aruba ak Antigua e Barbuda.

FIFA eksprime satisfaksyon apre eleksyon ki dewoule nan federasyon football Polonè a. FIFA fè konnen li pare pou l travay ak nouvo prezidan federasyon an Grzegorz Lato, ansyen avan sant seleksyon an e meyè butè seleksyon an an 1974. Lato ranpòte eleksyon an depi nan premye tou a ak 57 vwa sou yon total 112 vwa.

La Polòy kapab òganize koup Unyon football Eropeyen an 2012 la an tandè m ak Almay si Ukrèn ta gen pwoblèm dapre nouvo prezidan federasyon football Polonè a-

Michael Ballack ap toujou rete kapitèn seleksyon almay la apre li te prezante ekskuz bay antrenè Joachim Loew pou kòmantè dwat e gòch li te fè sou yon desizyon antrenè a.

New England Revolution fè match nul 0 a 0 ak Chikago Fire nan kad semi final ale chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an.

David Beckham pral jwe nan Milan AC pandan 3 mwa a pati de 7 Janvye pandan period vakans MLS la pou l kapab konsève fòm li nan ka seleksyon Angle a ta bezwen sèvis li.

Baskètbòl

Yè Jedi a Houston Rockets tronse Dallas Marvericks 112 a 102 gras a chinwa Yao Ming ki make 30 pwen epi trape balon an 13 fwa ak Ron Artest ki kore viktwa a 29 pwen. Phoenix Suns tonbe devan New Orleans Hornets 108 a 95. Cleveland Cavaliers pilon-nen Charlotte Bobcats 96 a 79.

Dallas Marvericks ap kolabore ak Dallas Cowboys pou rankont tout vedèt NBA 2010 la dewoule nan nouvo stad football Dallas Cowboys la ak posibilite pou akeyi 100 mil fanatic.. Match tout vedèt la ki mete meyè jwè chak konferans yo fikse pou 14 Fevriye 2010. Match pou sezon 2009 la ap dewoule nan Phoenix Arizona.

XS
SM
MD
LG