Etazini-Eleksyon: manke 5 jou pou pèp la chwazi moun ki pral ranplase
George W. Bush nan biwo oval Mezon Blanch la, e 2 kandida yo---John
McCain ak Barack Obama---ap fè va-e-vyen nan kèk eta ki kapab deside
rezilta final la.
Maten an, Senatè McCain te nan Ohio kote li
deklare si Obama genyen se Demokrat yo ki pral kontwole tout pouvwa a,
yo pral moute taks, e ekonomi an pral vin pi mal. Nan eta Florid, kote
Senatè Obama kontinye mennen kanpay jodi a, li rejte akizasyon kandida
repibliken an e l’deklare pèp la pa ka pase katran ap soufri ankò anba
politik Bush yo, ke McCain te apiye 9 fwa sou 10.
Gen 2 jou
depi se Obama kap domine media yo, sitou ak yon pwogram spesyal 30
minit ki te pase yè swa nan menm moman an, sou CBS, NBC, FOX, MSNBC,
UNIVISION, B.E.T ak TV-One. Nan fen pwogram sa a, Obama te parèt an
dirèk depi Sunrise, nan Florid. Li te fini sware a nan Orlando devan
plizyè dizèn milye moun, ansanm ak ansyen prezidan Bill Clinton ki pat
manke vante kalite Senatè Illinois la.