Accessibility links

Breaking News

Jou J Mwens 7: McCain ak Obama Nan Pennsilvani


Etazini-Eleskyon: Yon eta ki jwenn atansyon tou 2 kanpay yo jodi madi a se Pennsilvani. Anfèt tout analiz montre ke John McCain oblije ranpòte Florid ak Pennsilvani si li vle gen chans ranpòte eleksyon 4 novanm nan. Dènye sondaj yo bay kandida demokrat la apeprè 11 pwen anplis McCain nan Pennsilvani. Sou plan nasyonal, diferans la se anviwon 7 pwen, lè ou fè mwayèn prensipal sondaj yo.

Barack Obama ak John McCain ap lanse flèch tribò-babò sou kan advès la pandan y'ap chache jwenn apui segman nan elektora a ki rete endesi jiskaprezan. Se poutèt sa tou, kandida demokrat la parèt--oubyen re-parèt--ak tèm inite a, tankou nan diskou li te fè yè lendi a nan eta Ohio.

Pou yon dosye konplè sou dewoulman kanpay la nan dènye vennkatrè yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG