Pri
aksyon yo bese ankò pandan 2 dènye jou
yo sou machedlabous yo devan bès pwofi gwo konpayi yo anrejistre e nan
moman
envestisè yo krenn pou lemond pa tonbe nan yon resesyon jeneral. Isit
nan Washington, pòtpawòl Mezon Blanch la, Dana Perino, drese yè jedi a
yon tablo byen sonb pou sitiyasyon ekonomik la Ozetazini nan previzyon
yon pòtpawòl pa fè souvan.
Yon lòt kote, kanpay elektoral la ap kontinye o Zetazini menm si kandida Pati Demokrat la, Barack Obama, fè yon kanpe sou aktivite l yo jodi vandredi a pou l al wè grann ni, Madelyn Dunham, ki malad gravman. Grann nan ap viv nan Eta Hawiyi e li nan yon eta grav depi li te tonbe epi frape ren n sa pa gen lontan.
Anvan misye Obama te kite Lèzetazini kontinantal yè Jedi 23 Oktòb la, li te mennen kanpay nan Eta Indiana, tandiske rival repibliken n nan, John McCain, te patisipe nan kèk meeting de mas nan Eta Florid.
Pou n' gen detay sou dosye ekonomi mondyal la e sou kanpay elektoral la o Zetazini, klike sou lyen anlè a.