Accessibility links

Breaking News

Jounen Spòtif pou Andikape nan HENFRASA


Atletisme

Samdi kap vini la a nan sant spòtif Henfrasa a 120 atlèt andikape tout kategori ap patisipe nan yon jounen spòtif. Disiplin yo se Tenis de tab, Football, Ekitasyon, Alterofil, Volebòl ak Atletis. Selon responsab komite Paralenpik ayisyen an objektif yo se prepare patisipasyon Ayiti nan Je Panameriken yo O Meksik an 2011 ak Paralenpik vil Lond yo an 2012.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kale konpatriòt li Robby Ginepri 7-6, 7-6 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis an sal Lyon an. Bèlj Steve Darcis kapote franse Richard Gasquet an 3 manch 6-4, 3-6, 7-6 pou l pase nan kar de final la. Venkè tounwa a ap resevwa prèske 150 mil dola

Rus Marat Safin tonbe fas anba fas ak Kazakhstan Andrey Golubev nan 8 tièm de final tounwa tenis an sal St Petersburg la 6-2, 6-2. Gobulev klase 150 tièm mondyal aloske Safin klase 31 nièm mondyal. Venkè tounwa a ap resevwa 17 mil dola.

Foutbòl

Otorite yo football Polonè yo pran aksyon legal kont ansyen antrenè Janusz Wojcik nan kad ankèt yap men-nen sou federasyon football peyi a. Otorite yo arete ansyen antrenè a yè Mèkredi a. Juska prezan otorite yo arete 150 moun an koneksyon ak ankèt la ki soti nan korupsyon, fè magouy pandan rankont football lig nasyonal la.. Pami akuze yo nou jwen antrenè, footballè, abit ak responsab klub yo.

Nan Lig Chanpyon KONKAKAF la Luis Angel Firpo wouze San Francisco 3 a 2. Houston Dinamo tonbe devan Pumas UNAM 3 a 1 epi klub Santos Laguna pilon-nen Tauro FC 3 a 0.

Klub Football Angle Chelsea ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan klub Italyen AS Wòm pou mete l ak 7 pwen nan group A a devan AS Wòm. Nan menm group la Bordo kale 1 a 0 klub woumen CFR Cluj. Inter de Milan ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan klub chipriyòt Anorthosis Famagusta. FC Barselòn pilon-nen FC Bal 5 a 0 pou l rete nan group C a ak 9 pwen. Sporting de Lisbon ranpòte yon viktwa 1 a 0 kont Shakhtar Donesk. Nan group D a Atletico de Madrid pataje group tèt group D a apre match nul 1 a 1 yo fè. Marseille tonbe devan PSV Eindhoven 2 a 0.

Salvador kale Bolivi 2 a 0 nan kad yon match amikal ki jwe isit Washington. Se dènye rankont entènasyonal Jaime Moreno tap jwe pou seleksyon an

XS
SM
MD
LG