Accessibility links

Breaking News

PNUD: Plis Asistans Pou Ayiti Se Yon Nesesite


Reprezantan PNUD (Pwogram Nasyonzini pou Devlòpman) nan Pòtoprens plede anfavè ogmantasyon asistans kominote entènasyonal la ap bay Ayiti, sitou nan moman peyi a ap redi pou li soti anba dega 4 move tan.

Joël Boutrou mande Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, ki sot’ vizite Ayiti pandan twa jou, pou li travay nan sans sa a, pou otorite ayisyen yo ka jwenn plis lajan pou yo ede popilasyon an.

Nan yon ti koze ak Jean-Pierre Leroy pou Lavwadlamerik, Msye Boutrou fè konnen lajan peyi a jwenn nan men entènasyonal la kounye a, se mezi pou ede l’ siviv men Ayiti bezwen plis asistans, san pèdi tan.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande Joël Boutrou.

XS
SM
MD
LG