Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Obama ak McCain Sible Eta Pivo yo


2 semèn anvan vòt 4 novanm nan, Barack Obama ak John McCain ap met’ bouche doub, sitou nan eta kote kous la trè sere jidkaprezan. Kandida Repibliken an te atake Obama nan Mizouri yè apremidi. Senatè McCain di: Objektif ekonomik Senatè Obama se pran lajan moun kap peye taks yo pou li re-distribye l bay sila yo ki pap travay, e li pa kwè nan politik kap fè ekonomi an pwogrese, ni politik kap kreye travay pou tout Ameriken.

Sepandan, Barack Obama, kap mennen jodi a ak 7 pwen omwens nan sondaj ki fèt atravè tout peyi a, ensiste pou l di ke 95-pousan Ameriken pral peye mwens taks si li rive Prezidan. Kandida demokrat la di: Li vin pi difisil chak jou pou moun peye ipotèk sou kay yo, pou yo foul tank machin yo, ou menm peye elektrisite nan fen mwa a. Senatè Obama te pale konsa yè swa pandan yon “meeting” nan sant eta Florid.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj nou an.


XS
SM
MD
LG