Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, twouve l nan peyi d Ayiti pou yon vizit k'ap dire twa jou. Msye Zoellick debake nan kapital ayisyèn nan lendi e li deja rankontre Prezidan René Préval ak Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis.
Gen lòt rankont ki fikse pou jodi madi a.
Anvan Chèf Bank Mondyal la kite peyi d Ayiti, li gen pou li konstate dega dènye siklòn yo fè atravè peyi a.
Si ou ta renmen koute repòtaj korespondan nou Clarens Renois sou vizit msye Zoellick la, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.