Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Anonse Plan Pou Gouvènman Ameriken an Depanse 250 Milya Dola Pou Achte Aksyon nan Bank Prive yo


Gouvènman ameriken an ap achte aksyon pou anviwon 250 milya dola nan kèk bank prive, epi e lap ogmante garanti leta pou prè ak depo, nan yon dènye jefò pou sove endustri finansyè peyi a.

Nan yon deklarasyon Prezidan George W. Bush fè maten an nan Lamezonblanch, li di li gen espwa plan an pral retabli konfyans nan sistèm nan e ankouraje bank yo rekòmanse prete kliyan yo lajan. Prezidan Bush deklare:“Nouvo kapital la pral ede bank ki anfòm yo kontinye prete komès ak konsomatè yo lajan. E nouvo kapital sa a pral ede bank ki “en difficulté yo" konble vid ke kriz finansyè a kreye, yon fason pou yo ka rekòmanse fè prè, kreye anplwa e kontribue nan kwasans ekonomi an. Msye Bush dwe rankontre ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, e ak lidè Komisyon Ewopeyèn nan, Jose Manuel Barroso, samdi kap vini an. Pwen ki pral domine diskisyon yo se efò pou rezoud kriz ekonomik la.


XS
SM
MD
LG