Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Deblokaj 10 Milyon Goud Pou Ede Lekòl Ki Sibi Dega Nan Move Tan Mwa Out-Septanm 2008 la


Ministè Edikasyon Nasyonal mete 10 milyon goud aladispozisyon etablisman skolè move tan detwui ou andomaje pandan de dènye mwa yo. Dapre depite Astrel Dole, prezidan Komisyon Edukasyon Palman ayisyen an, di Komisyon li an pral voye yon delegasyon al fè yon vire-won enspeksyon atravè 10 depatman jeografik peyi a pou suiv evolisyon travay sa a.

Antretan Bank Mondyal anonse li debloke tou 25 milyon dola pou finanse rekonstruksyon 2 pon ki te efondre pandan pasaj tanpèt twopikal ak ouragan ki devaste rejyon Wo Atibonit ak rejyon Mirebalais nan mwa out ak koumansman mwa septanm dènye a.

Epi nan Plato Santral la, korespondan nou Jean Christophe Collègue fè n' konnen Enstiti Demokratik Nasyonal fè yon rasanbleman nan Lascahobas pou eksplike travay òganizasyon an ap fè nan peyi a pou sansibilize Pati politik ak sitwayen yo sou wòl yo nan Sosyete yo.

Fè yon klik sou ralonj ki vini ak atik sa a pou devlopman tèm sa yo.

NB: Nou ka klike tou agòch paj-wèb sa a sou diferan pwogram radyo a pou n' koute diferan jounen an

XS
SM
MD
LG