Atletisme
Ansyen kourè ameriken e ansyen detantè rekò du mond Tim Montgomery kondane pou l pase 5 kan prison pou posesyon kokayin.
Ansyen atlèt la te plede koupab an Juyè pase a pou posesyon plis pase 100 gram kokayin ak entansyon pou l te vann li nan eta Virjini.
Montgomery ap kòmanse purje pè n nan apre li finn konplete 4 tran prizon nan New York pou frod bankè ak blanchiman lajan. Gen 10 lòt moun kit e enplike nan aktivite illegal yo pami yo ansyen rè n atletis ameriken Marion Jones ki sot pase 6 mwa prizon pou tèt li te bay otorite federal yo manti sou wòl li ta jwe nan yon eskandal steroyid.
Komite Olenpik Entènasyonal la pran tout meday pandan yo efase rekò du mond atlèt yo te bat pandan karyè yo.
Baskètbòl/ Eròp
New Jersey Nets ranpòte yon viktwa an pwolongasyon 100 a 98 devan Miami Heat nan kadyon match basketball NBA a ki jwe nan vil Pari. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch nan vil Lond toujou nan kad toune anuèl NBA a òganize sou kontinan Eropeyen an pou fè publisite. Nan vil Berlen New Orleans Hornets ap rankontre Washington Wizards Madi avan yo rankontre nan Barselòn an Espay.
Foutbòl
Arjantin kale Gwatemala 2 a 1 nan chanpyona du mond football an sal la kap dewoule O Brezil.
Nan lig chanpyon KONKAKAF la D-C United rache yon nul 2 a 2 lakay Deportivo Saprissa epi Luis Angel Firpo rache yon nul 1 a 1 fas ak Pumas Unam.
Balon pral woule tout bon nan match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud. Sou kontinan Eropeyen an La Frans ap rankontre Woumani. Nan KONKAKAF la Etazuni ap akeyi Kuba isit Washington, Salvador kont Ayiti nan Pòtoprens. Surinam ap akeyi Kosta Rika.Gwatemala ap akeyi Trinidad and Tobago. Jamayik kont Meksik nan Kingston epi Kanada ap fè yon kout pye lakay Honduras.
Gen anpil an je sou kontinan Eropeyen an la Swèd Portugal. Angletè, Itali, Lituani, Espay ak Ukrèn nan pozisyon pou yo ranpòte la viktwa. Nan Amerik du Sud la Paragwe ap domine group la ak17 pwen devan Brezil ak Arjantin ki gen 13 pwen yo chak apre 8 rankont.
Tenis
Jwè tenis Japonè Kei Nishikon kalifye pou semi final tounwa tenis Stockholm nan malgre li pa tèt de seri. Nishikori kalifye apre Kwat Mario Ancic rale bak nan kar de final la.. Espayòl Oscar Hernandez pat gen chans li menm. Msye tonbe devan Findlandè Jarkko Nieminen 6-1, 6-4.
Chilyen Fernando Gonzalez ak espayòl Fernando Verdasco elimine nan kar de final tounwa tenis Otrich la. Gonzalez tonbe devan franse Gael Monfils 6-3, 7-6 epi alman Philipp Kohlschreiber kapote Verdasco 6-2, 6-3.