Accessibility links

Breaking News

Kriz Kap Frape Sektè Finansye a o Zetazini ap Vin Pi Grav Chak Jou 


Koudèy sou Ekonomi an

Solisyon kriz ekonomik ki frape Lèzetazini ak divès lòt peyi nan lemond, sanble li pi lwen ke li pi pre. Semèn sa a, pandan plizyè jou afile, pri aksyon yo bese sou mache-d-labous yo, sa ki pouse anpil envestisè kouri wete lajan yo te genyen nan divès bank –gen jounal ameriken, tankou Express nan Washington DC, ki pale de moun ki pito mete lajan yo anba matla pase yo kite l labank.

Jodi vandredi 10 oktòb la, Depatman Trezò Lèzetazini an ap òganize yon rankont kote minis finans ak gouvènè bank santral gwo peyi endustriyalize yo pral chache konnen kijan pou yo pi byen fè fas ak kriz la. Pèsonalite ki pral dirije chita-tande sa a se minis trezò a, Henry Paulson. Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, ap prezan ni nan rankont sa a ni nan yon 2èm ki fikse pou demen samdi a kote, yon fwa ankò, prensipal tèm nan se “kriz san parèy” lemond ap konfwonte a.

Pou w koute devlopman nouvèl sa a, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG