Accessibility links

Breaking News

USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo


Etazini-Eleksyon: Dezyèm deba televize ant 2 kandida-a-la-prezidans yo pa ofri Senatè John McCain gwo avantaj li t’ap chache pou li ka remonte nan sondaj yo devan Senatè Barack Obama. Pandan inèdtan-edmi, McCain ak Obama te reponn kesyon jounalis NBC Tom Brokaw ak yon gwoup elektè ki endesi jiskaprezan. Kandida demokrat la, yon fwa ankò, te ensiste sou pwoblèm Ameriken mwayen yo.

Senatè Obama deklare “klas mwayèn nan bezwen yon pwogram sovtaj ekonomik. Sa vle di mwens taks pou klas mwayèn nan. Sa vle di nou pral ede pwopriyetè yo pou yo pa pèdi kay yo.”

Senatè McCain, li-menm, pwopoze yon pwogram federal pou achte ipotèk moun pa ka peye, epi revann kay sa yo nan pri yo vo jounen jodi a. Li di, “Mezanmi, nou tout byen konnen toutotan nou pa stabilize pri kay ozetazini, nou pap janm’ kòmanse chanje sitiyasyon an, kreye travay, e ranje ekonomi nou an.”

Tou 2 kandida yo ensiste sou ogmantasyon pri enèji ak konsekans sa genyen sou ekonomi amerikèn nan. E yo ensiste sou nesesite pou peyi a sispann depann de petwòl etranje. Koute John McCain: “Fouye nan lanmè Etazini pou chache petwòl e bati santral nikleyè, se 2 eleman total-kapital nan solisyon an. Mwen toujou apiye ide sa yo e m’konnen kijan pou m’ranje ekonomi an e elimine depandans nou sou petwòl etranje, pou n’sispann voye 700-milya dola chak ane nan lòt peyi.”

Opsyon Barack Obama chwazi a, se nouvo teknoloji ak enèji altènatif ozetazini. Men deklarasyon ni: “Se poutèt sa mwen pwopoze yon envestisman 15-milya dola paran pandan 10 an. Objektif nou, se ta dwe pou n’pa bezwen petwòl MwayennOryan an ankò nan 10 an. E nou ka fè sa. »

Senatè Obama kritike yon pwopozisyon John McCain fè pou jele depans leta yo nan kòmansman manda li a, anwetan sektè estratejik tankou defans, pa egzanp. Demokrat la kwè sa t’ap afekte anpil pwogram sosyal ki trèzenpòtan. Men kandida repibliken an ensiste fòk gen limit rijid, sevè sou depans federal yo, si responsab-yo vle kontwole ekonomi an.

XS
SM
MD
LG